Pages

mercredi 12 octobre 2011

Sa nap fè???

Chak maten se yon tèt chaje. Blokis tout kote. Bagay sa ap vini pi red chak jou Bondie mete. Kèlke swa jan ou vire : baton.  Mwen pèsonèlman, mwen fout bouke ak bagay sa. Petiyonvil, Wout Frè, Pelren, Kafou, Taba, Kwadèboukè ak ampil lot kote se yon kalamite. Leve pi bonè chak jou pap pote okenn solisyon nan pwoblèm sa. Pa gen wout e tout biznis ak lekol vle pou yo menm kote. Fok nou kòmanse wè bagay yo yon lot jan paske nou pap ka kontinye konsa. Tout ekonomi peyi ya paka chita nan 15 kilomètkare, sa pa nòmal. Se la tout moun ap travay, se la tout ti moun al lekol, se la tout biro leta tabli, se la tout endistri chita, se la tout moun vle viv. Selman, ze a gen yon kantite blan ak yon kantite jòn li ka pran. Si ou vle li gen plis, lap kraze.

Sa nap fè? Lagè avèti pa tye kokobe.